Asse Fans Club , Envitasyon nan Joune koulè pou rekolte lajan pou ekip la.
Bonjou kijanw ye?
ASSE Fans Club (AFC) ap òganize yon "Journée de couleur" avèk non selman tout lekol nan vil la men tou avèk piblik la an jeneral.
Nan aktivite sa chak lekol ke nou pale ap gen pou pote yon levée de fond ke yap fè a pa nan etablisman yo a ke yap remèt fans club la nan jounen an menm.
Jounen an pap gratis chak moun kap rantre dwe bay pou piti 50 goud nou pa limitel pou si toutfwa moun nan ta vle bay plis.
Nan menm jounen sa ap gen show tennis, volleyball, basket, handball, e tout jwè ASSE yo ap la pou piblik la
Ap gen son, nou konte fè li alcibiade la nap tann dènye repons direksyon an sou peu
Rezon ki fè AFC adresew se paske ou menm tou ou konsène ak sa ki pral fèt la e nou ta renmen ou mete ak nou pou ou ka ede nou fè fèt la pi bèl ansanm ak gwoup paw la. Non selman nan pwomosyon, men tou nan pote kole ak nou.
Nap tann repons ou ak pa gwoup wa pou nou knen kijan nou ka konte sou nou.
Jounen an pwograme pou Samdi 25 Novanm 2017 a 4h nan aprè midi.
Komite AFC
Commentaires
Enregistrer un commentaire